You must enable JavaScript to view this site.
This site uses cookies. By continuing to browse the site you are agreeing to our use of cookies. Review our legal notice and privacy policy for more details.
Close
Homepage > Other Languages > creole-translations > Ayiti apre tranbleman: Pa gen sekirite san relòjman ak devlopman

Ayiti apre tranbleman: Pa gen sekirite san relòjman ak devlopman

YON REZIMEN

Yon lane ak si mwa apre pi move tranbleman tè nan lemisfè lwès frape Ayiti, 650.000 viktim ap tann kay pèmanan nan pi plis pase 1.000 kan dijans epapiye atravè Potoprens. Premye tanpèt sezon siklonik la gen tan inonde 30 kan, ki fè abitan kan yo blije kouri sove epi ki lakòz 28 moun mouri. Michel Martelly, ki te ranplase René Préval antank prezidan 14 me ane sa, ap konfronte yon kriz imedya fas ak mekontantman viktim k ap viv nan kan yo ak moun ki gen menm bezwen kritik yo k ap viv nan bidonvil potoprens. Deplasman fòse, pafwa vyolan, avèk prezans gang kriminèl nan kan ak nan bidonvil, kreye yon kontèks ki pa stab. Chwazi, kominike epi  kòmanse yon estrateji relòjman, avèk konsey viktim epi kominote lokal, se premye defi kritik rekonstriksyon li pral blije leve pou l sa retabli yon stabilite. Sa pral teste kapasite yon aksyon entènasyonal an komen, ki pa gen a wè ak èd ijans apre ane ki sòt pase,  kote te genyen anpil dezakò enkyetan nan ekip nasyonzini ak lòt bayè sou kesyon estrateji relòjman.

Apre yon elèksyon difisil, Ayiti dwe travay sou priyorite rekonstriksyon nasyonal; relòjman viktim tranbleman, debleye ranblè epi rekonstwi katye. Dezas 2010 lakòz pi plis pase 250.000 moun mouri epi anviwon 1.5 milyon moun blije deplase al viv nan kan. Absans yon politik leta pou relòjman anpeche pwogrè nan desantralizasyon ak relèvman ekonomik, epi kreye difikilte nan diminye danje pou moun ki pi vilnerab nan kominote vil la, kote anpil moun ap viv youn sou lòt. Katye kote moun viktim anpil lane konstriksyon anachik, kote ki pa gen yon kadas ki byen fyab ni okènn planifikasyon, toujou rete vilnerab fas ak risk dezas natirèl. Deplasman fòse – san lajistis san yo pa bay lòt kay – lakòz yon pakèt moun tounen nan kan san sa pa t prevwa, menm nan vil potoprens kote prela ak ti kay ap monte sou ansyen sit kay oswa akote yo, ki kreye yon seri ti kan spontane. Preske mwatye moun ki deplase yo toujou rete nan kan kote yo premye ateri, san yo pa konnen ki sa ki pral rive yo pi devan. Chak jou ki pase yo santi yo pi mal poutèt pi plis vyolans nan kan yo. Pote yon repons pou kan vilnerab sila yo se yon defi rekonstriksyon kritik k ap aji seryèzman sou lapè, stabilite ak sekirite.

Tout aktè politik yo dwe asire altènativ lòjman pi sekiritè epi pi dirab na zònn potoprens ak nan zònn kote tranbleman frape. Pou sa fèt, fòk ta genyen yon pwogram nasyonal desantralize pou rekonstriksyon peyi a tankou sa ki nan Plan Daksyon pou Relèvman ak Devlopman Nasyonal (PARDN), ki te siyen pandan konferans bayè yo nan mwad mas 2010. Sof yon plan pou konstwi yon pak endistriyèl ki poko reyalize nan vil Cap Haïtien, pa genyen anpil lòt siy ki te ka fè kwè Ayiti ap rekonstwi pi byen “building back better” depi lè bayè yo te pwomèt plis pase $5.7 milya nan espas 18 mwa ak $10 milya sou 10 lane, pou finanse rekonstriksyon an. Pou jere efò sila, Ayiti ansanm ak bayè yo negosye yon Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti (CIRH) antank yon biwo ki ta sanse akselere apwobasyon pwojè epi koòdonen efò. Jiskaprezan li fasilite bayè yo ansanm avèk gouvènnman pataje plan, men priz desizyon ak dekèsman bayè yo pa rapid ditou, sitou pou nan vil pwovens. Anpil refijye retounen potoprens, ki fè pwoblèm yo vin pi grav nan katye defavorize kapital la, kote pi fò moun nan kan yo pral blije abite lè yo soti nan kan.

Si pou rekonstriksyon an korije anpil dezekilib ki fè Ayiti souvan viktim dezas, vyolans ak konfli, li enpòtan anpil pou gouvènnman Martelly a devlope yon politik relòjman touswit. Politik sila dwe enplike viktim, konsantre l mwens sou fèmen kan, epi plis sou konstwi kominote ki stab, kote ki gen mwens vyolans epi ki pa sèlman nan kapital la. Plan pilòt pou fèmen 6 kan epi reloje rezidan yo, se yon premye pa enpòtan gouvènnman fè ki merite sipò, men fòk kan ki pi vilnerab yo fè pati plan sa touswit. Pou relòjman sa avanse yon fason ki pi dirab, gouvènman ansanm avèk kominote entènasyonal la dwe:

  • Kreye, devlope epi enplemante yon estrateji konplè ki kanpe deplaseman fòse yo ak deplasman moun ki rete nan kan kote genyen yon akò avèk mèt tè a; ki pran kont lavi miyò “livlihoods”; ki pran kont rekonstriksyon kay avèk pi bon pratik; epi ki entegre debleye ranblè ak retou deplase yo pandan sèvis ap bay ni nan ansyen kominote ni nan nouvo kominote; epi pran desizyon klè sou politik kadas ak aksè;
  • Propoze yon lejislasyon pou tabli yon otorite nasyonal lòjman epi, avèk yon dekrè prezidansyèl, kreye yon biwo inik ki responsab planifikasyon, koòdinasyon ak enplemantasyon nouvo politik la atravè yon sekretarya ranfòse andan Komite Entèministeryèl pou Devlopman Teritwa (CIAT) nan ministè Premye Minis la;
  • Amelyore sekirite nan katye kote deplase yo pral viv avèk yon polis proksimite atravè sipò Polis Nasyonal (PNH) nan relòjman, avèk sipò Polis Nasyonzini (UNPOL), epi travay nan menm tan sou deplwaman polis kominotè rapidman;
  • Desantralize relòjman pou ni relòjman, ni rekonstriksyon peyi a ka genyen yon apwòch kominotè de baz kote nou ranfòse resous minisipalite yo: moun, finansman ak materyèl;
  • Akselere plan envèstisman nan 8 vil prensipal kote ki gen pò avèk nan zònn riral ki antoure yo, pou kreye travay epi kwape migrasyon abitan zònn riral yo vè kapital la;
  • Kòmanse planifye tranzisyon CIRH la touswit, si nesesè manda Komisyon an te ka pwolonje pandan 6 mwa apre dat fèmti li ki se oktòb 2011, pou evite eka ak reta nan finansman ak enplemantasyon pwojè;
  • Mete Minis kle sou konsey CIRH la pou kreye yon kolaborasyon pi etwat ant CIRH la avèk gouvènnman epi modifye pwosedi Komisyon an pou fè pi plis pwojè apwouve ak yon meyè kominikasyon desizyon, sitou avèk popilasyon deplase a;
  • Bay nouvo finansman touswit oswa re-pwograme finansman aktyèl pou apiye relòjman premye 6 kan yo epi ajoute lòt kan firanmezi, sitou pou sa ki plis nan danje inondasyon; epi
  • Kreye mekanis ijan pou fè kadas la pi fyab epi pou amelyore regis tè.
 
This page in:
English