icon caret Arrow Down Arrow Left Arrow Right Arrow Up Line Camera icon set icon set Ellipsis icon set Facebook Favorite Globe Hamburger List Mail Map Marker Map Microphone Minus PDF Play Print RSS Search Share Trash Crisiswatch Alerts and Trends Box - 1080/761 Copy Twitter Video Camera  copyview Whatsapp Youtube
Pou Gouvène Ayiti: Li lè pou gen yon Konsansis Nasyonal
Pou Gouvène Ayiti: Li lè pou gen yon Konsansis Nasyonal
Haití, Tres Años Después
Haití, Tres Años Después
Report 46 / Latin America & Caribbean

Pou Gouvène Ayiti: Li lè pou gen yon Konsansis Nasyonal

  • Share
  • Save
  • Print
  • Download PDF Full Report

Rezime Egzekitif

Ayiti nan yon mache prese san pran souf pou li konvenk pwòp moun pa li yo, bayè de fon ak envestisè potansyèl yo, ke pwogrè ak stabilite posib. Reta kap pèsiste nan òganizasyon eleksyon lib epi onèt ka poze kom pi gwo defi nan yon tan ki tou pwòch, men (tankou prezidan anvan li yo) Prezidan Michel Martelly ki deja ap goumen pou’l gouvène yon peyi ki kraze epi ki divize depi plis pase yon lane edmi, manke yon baz politik stab () pou jwenn moun kap pote kole nan strateji devlòpman senk-E li te pwopoze a : travay, eta de dwa (règleman lalwa), edikasyon, anviwònman ak enèji. Pou li ta finalman kòmanse chanjman li te pwomèt depi lontan an, fòk li ta kapitalize sou akò frajil Lavèy Nwèl 2012 la, pou mete anplas yon òganis elektoral kredib pou òganize rapidman eleksyon Senatè, Majistra/Kazèk/Azèk ak Biwo Vòt Lokal yo. Epi fòk yo ta anbake tout aktè kle yo nan yon dyalòg nasyonal, pou fè chwa Konsèy Konstitisyonèl la pandan y ap rezoud kesyon kredibilite nan deziyasyon prezidan Lakou Kasasyon ak Konsèy Siperyè Polis Jidisyè a, epitou rapouswiv sou lòt politik piblik ki enpòtan anpil a lontèm epi a koutèm.

Menm si Li enpòtan anpil pou yo mete fen nan enbrogliyo eleksyon an, men sa pa ase. Li obligatwa pou fè swivi nan refòm yo, pou evite yon paralizi politik pandan manda Martelly a. Chimen ki long epi difisil pou mete yo dakò sou amandman konstitisyonèl yo pibliye dènyèman an, ak diskisyon san fen sou fòmasyon Konsèy Elektoral Pèmanan an (KEP) se yon temwayaj sou mank konfyans ki egziste ak absans yon Konsansis politik. Ayiti bezwen yon akò nasyonal pou jere rekonstriksyon ak devlòpman, patikilyèman kounye a, kote l ap antre nan yon peryòd elektoral difisil, ki jis kounye a poko gen kalandriye. Gen anpil sektè ki adopte yon dyalòg nasyonal ki baze sou retorik, men yo pa janm obseve’l seryezman. Men pil diskisyon kap chofe ozalantou eleksyon Sena a, eleksyon lokal ak minisipal yo nan lane 2013 lan ka ofri yon opòtinite pou rive jwenn yon akò sou gouvènans ki ta ka finalman mobilize fòs entèn yo, epi asire pibyen sipò bayè de fon yo pou transfòmasyon yo te pwomèt depi tranbleman tè 2010 la. Apre plizyè efò pou jwenn yon akò sou pwoblèm debaz entèn yo te echwe, menm gwo bayè de fon yo vin fristre akòz mank lidèchip, gouvènans ak responsablite.

Gouvènman ki pase yo depi plizyè deseni pa janm fè anyen, fristrasyon kap ogmante ak tolerans sitwayen yo kap diminye, kite yon ti maj tou kout pou erè. Efektivman mak fabrik politik ayisyen an pratikman ekskli majorite sitwayen yo, epi li vin chak jou pi difisil pou nenpot ki administrasyon gouvène nan yon fason ki efikas. Yo pa janm respekte kalandriye elektoral ki tabli nan konstitisyon an, se pou sa manda eli ofisyèl yo ekspire san yo pa ranplase yo, sa ki lakòz enstabilite enstitisyonèl. Eleksyon yo se vreman yon konpetisyon ant elit politik ak elit ekonomik yo, avek yon dividal pati politik ki pa menm reprezantatif yo pa ka rive mobilize elektora a epi ki rann palman fragmante. Patisipasyon moun ki vote yo ap bese depi 2006, ansanm avèk konfyans piblik la.

Politik sòm a zewo a pa yon repons a sekirite ak stabilite frajil ki gen nan peyi a. Pase yo fè sa, pito yo egzije yon Konsansis sou priyorite ak estrateji pou reyalize yo. Chak jou li pi aklè yon gouvènans fonksyonèl se pa tout bagay, toutotan kominote kap fè biznis la, lidè relijye yo, pwofesyonèl ak lidè politik yo rive jwenn yon antant. Si se pa sa, Ayiti ap kontinye fè fas a manifestasyon andedan peyi a. Rejyon Amerik Latin nan ofri yon eksperyans ki itil sou kijan pou mete anplas yon seri de akò ki dirab, efikas epi ke yo ka progresivman transfere nan de politik ki konkrè epi dirab. “Konsansis Nasyonal pou demokrasi” nan peyi Chili, Akò pou Jistis ak Sekirite nan peyi Gwatemala, “Akò Nasyonal” nan peyi Perou epi, tou dènyèman, “Pak pou peyi Meksik” la, se egzanp sou kijan pou idantifye ak pataje priyorite epi degaje angajman nan pati politik yo ak sosyete sivil la. Yo demontre premye dyalòg la dwe gen tout moun ladan’l, si nou vle rive a yon priz de desizyon ak yon enplemantasyon ki efikas.

Defi Ayiti ap fè fas yo pa difisil pou devine. An gwo, yo konsantre sou yon bezwen pou bon gouvènans, ranfòsman Konsansis pami elit yo, strateji pou rediksyon povrete epitou aplikasyon ak ranfòsman tout bon vre eta de dwa. Se byen tris, men yo pat janm adrese defi sa yo nan yon fason ki efikas. Jounen jodi a, Ayiti pa prezante okenn rezon pou ta fè nou optimis. Pou chak egzanp sou pwogrè nan nenpòt ki fron sa yo, gen plizyè egzanp ki montre yo fè bak oswa pou nou di’l pibyen, gen anpil reta. Sa ki chanje la a, se siyal yo sòt bay yo nan demand otantik pou mete fen nan blokaj bayè de fon yo, ki yo menm tou ap montre gwo siy fatig. Si Ayiti ta vle retire kò li nan sa, se pou pi bon lezanj lanati nan lidè li yo ta aksepte fè yon gwo sakrifis e fòk yo ta fèl bonè. Sa se yon pye wozo fen ki gen avni peyi a kap flote sou li, men se posib tou se tout sa li genyen. San yon pak nasyonal, Prezidan Martelly malerezman ap gen pou fè fas a yon seri de menas ki ka fè prezidans li an echwe, epi Ayiti ap kouri ris yon abandon Entènasyonal.

Pòtoprens/Bogota/Briksèl, 4 fevriye 2013

Haití, Tres Años Después

Originally published in Reforma

Tres años después del terremoto que sacudió a Haití, el país se encuentra en una carrera contra el tiempo para convencer a sus ciudadanos, a donantes y a posibles inversionistas de que el progreso y la estabilidad son realmente factibles y no sólo una ilusión.

De todos los desafíos, el continuo retraso en llevar a cabo elecciones libres y justas representa el más urgente de todos. El Presidente Michel Martelly lucha desde hace 18 mesespor gobernar una nación dividida. Carece de una base política estable para obtener la aprobación a su estrategia de desarrollo de cinco puntos: empleo, Estado de Derecho, educación, medio ambiente y energía.

Ahora Martelly debe partir sobre la base del tenue acuerdo de Nochebuena de 2012 con el fin de que un órgano electoral creíble desarrolle prontamente las demoradas elecciones al senado, municipales y locales.

Para leer el resto del artículo haga clic aquí