icon caret Arrow Down Arrow Left Arrow Right Arrow Up Line Camera icon set icon set Ellipsis icon set Facebook Favorite Globe Hamburger List Mail Map Marker Map Microphone Minus PDF Play Print RSS Search Share Trash Crisiswatch Alerts and Trends Box - 1080/761 Copy Twitter Video Camera  copyview Whatsapp Youtube
Haití, Tres Años Después
Haití, Tres Años Después

Pou yon Ayiti apre depa MINISTA: yon tranzisyon ki efikas

  • Share
  • Save
  • Print
  • Download PDF Full Report

Rezime egzekitif

Ayiti kounye-a nan uityèm lane depi Misyon Stabi­lizasyon Nasyonzini an (MINISTA) nan peyi a. Dis­ki­syon sou posibilite pou retrè Misyon an, ogmante pi plis sou administrasyon Prezidan Michel Martelly ki deja gen yon lane. Opozisyon kont prezans MINISTA, sòti nan fyète nasyonalis nan peyi a,kòlè lè epidemi kolera a, ki gen rapò ak fòs mentyen lapè Nasyonzini a ak piblisite ki ozalantou abi ki pa akseptab ke yon ti minorite fòs mentyen lapè yo fè. Men, menm moun kap kritike’l yo admèt ke fòs polis ki gen nan peyi a toujou limite, e li pa kapab garanti sekirite ki nesesè pou pwoteje ayisyen kap viv nan peyi a, aplike lalwa epi bay stabilite politik la jarèt. Vre diskisyon an se pa si MINISTA dwe ale ou non, men pito, ki lè, epi kisa yo dwe chanje nan manda misyon an, nan strikti ak nan konpòtman pou garanti ke yon retrè pwogresiv ap makònen ak enstitisyon ki pi fò yo, epi ap pwogrese pou’l rive nan yon stabilite ak yon devlòpman kap dire anpil tan.

Nan dat 8 mas 2012, Konsèy Sekirite Nasyonzini an te byen kontan wè pwogrè ki te fèt an Ayiti, epi yo te kon­fime yon kòmansman nan rediksyon twoup militè MINISTA yo, pou yo retounen nan nivo anvan tran­bleman de tè ki te ravaje peyi a, epi ki te sekwe zile a nan mwa janvye 2010. Anvan renouvèlman manda myson lapè a nan mwa Oktòb, avèk diskisyon prelim­inè ki te deja planifye pou mwa Dawout, yon konsansis dwe konstwi ant Nasyonzini ak nasyon nan Amerik Latin la ki bay pifò nan twoup yo, lòt kontribitè entènasyonal yo, donatè ak nasyon Ayisyen an. Kon­sansis sa a dwe konstwi sou yon analiz pèfòmans ak priyorite ki objektif, ke MINISTA te reyalize anvan, nan kad restriktirasyon an, nan sitiyasyon politik la ki toujou enstab nan peyi a, enstitisyon ki fèb yo ak pov­rete ekstrèm nan.

Ayiti toujou rete plonje nan yon gwo kriz politik, sosyal ak ekonomik. Malgre prezans anvan de 12,000 militè ak polis Nasyonzini yo, epi repriz èd la apre tranbleman de tè a nan yon fason ki siyifikatif, pwogrè nan zafè re­kon­striksyon an, devlòpman ak eta de dwa pwovoke desep­syon. Ayiti bezwen omwen doub kantite polisye ki gen kounyea nan polis la, fòmasyon ak kontwòl ki apwopriye, deplwaman ki kapab pwoteje sitwayen li yo ak fwontyè yo kont menas andedan peyi ak menas kriminèl trans­nasyonal yo. Yon dezyèm plan nasyonal pou devlòpman polis la sou 5 lane dwe adopte epi mete sou pye, pou trase chimen pou kwasans lan, epi polis la dwe fè pati de yon sistèm jisis ki konplè epi ki profesy­onèl, ki repoze sou yon eta de dwa. Gouvènman Mar­telly a dwe kenbe rekonstitisyon lame a sou pòz, jiskaske objektif sa yo reyalize.

Gouvènman ayisyen an ak tout Konsèy Sekirite Nasy­onzini an ap chèche yon fason pou MINISTA ta ale, men li pa tap pridan pou akselere pwosesis sa a, akòz de gwo twou vid ki genyen nan konsolidasyon sekirite ak jistis la. Malgre ke gen vwa kap defann yon egzòd pi rapid, li ta sanble ke depa final la kapab fèt oswa ta dwe fèt anvan yon twazyèm pasasyon pouvwa demokratik ta fèt nan fen prezidans Mateli a, 5 lane a pati de kounye a, epi ki ta dwe koresponn tou ak fen devlòpman plan nasyonal polis la sou senk lane.

Li pa nan enterè Ayiti ni donatè yo, pou yo ta wè yon retrè misyon an nan prese, men MINISTA bezwen re­panse epi fè revizyon an pwofondè. Sou baz tran­zisyon lòt leta asiste NU yo, tankou Syera Leòn ak Liberya ki te fè fas oswa kap fè fas a plizyè defi ki konparab, prezans Nasyonzini an Ayiti ta dwe panse a yon rekonfigirasyon MINISTA, ak twoup ki redui men ki toujou kalifye, epi yon prezans lapolis ki fò. Trans­fòmasyon sa a dwe pase de yon fòs ki gen plis militè ki nan chapit VII la, a yon misyon politik nan fen 2016 ki sponsorize pa Konsèy Sekirite a, ki ta dwe toujou ka­pab kowòdone tout ou seri ajans Nasyonzini ki depann de Reprezantan Espesyal ke Sekretè Jeneral la desiye – (SRSG) pou apiye yon ajanda konsolidasyon lapè en­tegre ansanm ak Gouvènman Ayisyen an.

MINISTA detounen korèkteman menas aktè vyolans organize yo ki te jete gouvènman an pa la fòs, se sa ki te rezon fondamantal egzistans yo . Li amelyore sekirite nan anpil kote nan peyi a prensipalman nan rediksyon vyolans ame nan Site Solèy ak lòt bidonvil yo. Misyon an te pote kontribisyon’l nan anpil operasyon lojistik nan tout peyi a, depi nan ede ak distribisyon ak re­kiperasyon materyèl eleksyon nan lane 2006, 2009 ak 2010, jis nan pote sou­laj­man nan dezas aprè tanpèt 2008 la ak tranbleman tè 2010 a.

MINISTA dwe reflechi sou apre stabilizasyon an, epi konsantre’l sou konsolidasyon reyalizasyon li yo nan founi sipò stratejik pou ranfòse enstitisyon eta de dwa pou rekonstriksyon an, pou envestisman prive ak devlopman kapab fleri. Li dwe elabore tou yon fason pou’l travay ki pi efikas, pou’l travay ak enstitisyon leta ki frajil yo, ki kontinye fè pati de leta a, epi ki te enpoze leta a fonk­sysone pandan anpil tan nan lane ki sot pase a. Yon eva­lyasyon kontribisyon MINISTA nan stabilite depi 2004 jiska dat nan zafè rekonstriksyon ak devlop­man nan peyi a trè enpòtan pou konprann opòtinite ki genyen pou yon rediksyon dirab konfli ak vyolans.

Rapò sa a fè evalyasyon enpak MINISTA epi chèche fason li ka amelyore kontribisyon li. Li analize tou opsyon ki disponib yo pou yon posib retrè misyon an nan lòd, kap pèmèt otorite ayisyen yo ak kominote en­tè­nasyonal la pi byen fè fas a yon senaryo aprè depa MINISTA. Rapò a fè rekòmandasyon pou yon ajenda mentyen lapè pou sekirite ki pi bon, eta de dwa ak gou­vènans, tankou sou yon tranzisyon planifye ki elimine nesesite yon misyon lapè Nasyonzini nan fen prezidans Martelly nan lane 2016.

Pòtoprens/Bogota/Briksèl, 2 Dawout 2012

Haití, Tres Años Después

Originally published in Reforma

Tres años después del terremoto que sacudió a Haití, el país se encuentra en una carrera contra el tiempo para convencer a sus ciudadanos, a donantes y a posibles inversionistas de que el progreso y la estabilidad son realmente factibles y no sólo una ilusión.

De todos los desafíos, el continuo retraso en llevar a cabo elecciones libres y justas representa el más urgente de todos. El Presidente Michel Martelly lucha desde hace 18 mesespor gobernar una nación dividida. Carece de una base política estable para obtener la aprobación a su estrategia de desarrollo de cinco puntos: empleo, Estado de Derecho, educación, medio ambiente y energía.

Ahora Martelly debe partir sobre la base del tenue acuerdo de Nochebuena de 2012 con el fin de que un órgano electoral creíble desarrolle prontamente las demoradas elecciones al senado, municipales y locales.

Para leer el resto del artículo haga clic aquí