Briefing / Latin America & Caribbean 2 minutes

Yon Ayiti an sekirite: Refòm Lapolis

  • Share
  • Anrejistre
  • Print
  • Download PDF Full Report

KONTÈKS

Fwontyè tèrès ak fwontyè kòt peyi dayiti se kote ki genyen anpil trafik dwòg, kontrebann ak lòt aktivite kriminèl ki febli eta de dwa nan peyi a epi lakòz leta pèdi anpil lajan ki vital pou peyi a. Ensekirite depi tranblemandtè a demontre kijan nou rete vilnerab fas ak krim vyolan ak enstablite politik. Bidonvil yo chaje moun, y ap viv nan anpil mizè, pa gen okènn opòtinite ekonomik epi enstitisyon leta yo fèb, sitou pou Lapolis Nasyonal (PNH), kidonk genyen anpil gang ak zam nan men yo ki kòz pi plis ensekirite toujou. Si ekip administrasyon prezidan Martelly vle asire pèp la yon sekirite tout bon vre, li dwe retire eleman nan PNH yo ki koronpi epi ogmante kapasite enstitisyonèl ak operasyonèl atravè peyi dayiti avèk yon refòm ki genyen ladann lapolis kominotè ak pwogram rediksyon vyolans.

Eleksyon ki sot fèt te senpman yon premye pa nan lavni rekonstriksyon ak devlopman peyi dayiti. Vre travay la kounyea pral mande yon lidèship politik - soti ni nan branch egzekitif, ni nan branch lejislatif -  pou fè yon reyèl efò pou rezoud pwoblèm fondamantal peyi a. Pou sa ka fèt, fòk nou idantifye fason pou n travay ansanm avèk opozisyon an, kominote debaz, ak komèsan elit, pou n sa ranfòse yon konsansis nasyonal pou yon amenajman teritwa avèk kreyasyon travay ak desantralizasyon kòm priyorite, ak pwotèksyon ak sekirite pou tout moun nan tout kominote yo.

Prezidan Michel Martelly deklare ayiti louvri pou biznis nan diskou inogiral li fè jou 14 me. Men, yon PNH pwofesyonèl epi fonksyonèl nesesè pou peyi a sa vanse. Refòm lapolis fè anpil pwogrè men li gen anpil wout ki rete pou l fè toujou apre preske 5 lane. Pwoblèm nan PNH avèk volonte patizan Martelly yo pou yo retabli lame, epi yon opozisyon nasyonal fas ak prezans MINUSTAH andan peyi a, tout bagay sa yo apiye propozisyon pou kreye yon dezyèm fòs ame. Propozisyon problematik sila kreye anpil kesyon. Si li asepte, fòk genyen bon jan konsiltasyon ak sosyete sivil, òganizasyon kominotè debaz, epi sitou avèk ansyen viktim abi ansyen lame FADH la. Men anvan sa fèt, li enpòtan anpil pou n kontinye ranfòse PNH, nan:

  • konplete rekritman lapolis, fanm ladann tou, fòmasyon epi yon deplwaman konplè;
     
  • ranfòse entegrite lapolis atravè yon veting pou tout ofisye lapolis ak kad aktif, epi kreye yon enstans dapèl, pou elimine move grènn yo ki pa bon poutèt yo vyole dwa moun oswa yo patisipe nan aktivite kriminèl, epi sètifye moun ki bon, epi pouswiv nan jistis tout ofisye ki patisipe nan kèlkanswa krim grav;
     
  • revize plan refòm nan, pou defini ki entèvansyon ki nesesè pou amelyore sekirite lapolis bay popilasyon an, epi ogmante konfyans kominote a nan lapolis, tankou fòmasyon ak ranfòsman inite spesyalize, menen ankèt kriminèl,  patwouy so fwontyè a, polis kominotè avèk lapolis nasyonzini (UNPOL) antank yon apwi aktif nan efò sila yo;
     
  • adopte yon lwa òganik pou sekretari leta a la sekite piblik, ki klarifye ki wòl li sipoze jwe ak wòl lòt kò nan branch egzekitif ki responsab PNH la dwe jwe; epi
     
  • asosye refòm lapolis avèk efò rekonstriksyon k ap fèt a prezan nan CIRH (Komisyon Enterimè pou Rekonstriksyon Ayiti), avèk deplwaman yon lapolis ki pi byen fòme sou tout teritwa pandan desantralizasyon ekonomik ap fèt.

Potoprens/Brussels, 8 septanm 2011

I. Overview

Haiti’s porous land and sea borders remain susceptible to drug trafficking, smuggling and other illegal activities that weaken the rule of law and deprive the state of vital revenue. Post-quake insecurity underscores continued vulnerability to violent crime and political instability. Overcrowded urban slums, plagued by deep poverty, limited economic opportunities and the weakness of government institutions, particularly the Haitian National Police (HNP), breed armed groups and remain a source of broader instability. If the Martelly administration is to guarantee citizen safety successfully, it must remove tainted officers and expand the HNP’s institutional and operational capacity across the country by completing a reform that incorporates community policing and violence reduction programs.

The recent elections were only a first step toward determining the future of the country’s reconstruction and development. The real work now requires the political leadership – executive and legislative alike – to make meaningful efforts to address fundamental needs. Key to this is identification of common ground with the political opposition, grass roots communities and business elites, in order to reinforce a national consensus for transforming Haiti that prioritises jobs-based decentralisation, equal protection under the law and community security.

President Michel Martelly declared Haiti open for business in his 14 May inaugural address, but a functioning, professional HNP is a prerequisite to move the country forward. Police reform has made significant strides but is far from complete after nearly five years. HNP deficiencies, along with the desire of Martelly supporters to restore the army and nationalistic opposition to the continued presence of the UN peacekeepers (MINUSTAH), contribute to proposals for creating a second armed force. Serious questions surround that problematic notion. If it is pursued, there must be wide consultation with civil society, including grassroots and community-based organisations, and particularly with victims of the old army’s abuses. But first it is paramount to continue strengthening the HNP, by:

  • completing recruitment, including of women, training and full deployment;
     
  • building police integrity by expediting the vetting process for all active duty officers and staff, including creating an appeals structure, so as to rid the force of those who do not meet standards because of human rights violations or criminal activity and to certify those who do, and by taking immediate action to suspend and if appropriate prosecute officers found to be involved in any serious crimes;
     
  • revising the reform plan to focus on clearly defined areas for improving the quality of security the HNP provides and building community confidence, such as the training and strengthening of specialised units, crime investigation, border patrol and community policing, while UN police (UNPOL) more actively mentor those efforts;
     
  • adopting an organic law for the state secretariat for public security that clarifies its role and those of the other executive branch bodies with responsibilities for the HNP; and
     
  • linking police reform with the reconstruction efforts currently coordinated by the Interim Haiti Recovery Commission (IHRC), by deploying better trained police to the provinces as economic decentralisation proceeds.

Port-au-Prince/Brussels, 8 September 2011

Subscribe to Crisis Group’s Email Updates

Receive the best source of conflict analysis right in your inbox.